Bravo Delmas,Ayiti kontan.

Nap frape 2 main nou byen fò pou nou bat yon gro bravo pou majistra Wilson Jeudi pou gro travay lap fè nan Meri Delmas. Depi arive majistra Wilson Jeudi sou nan Meri a Delmas vin tounen kom kote ki pi pròp nan zòn metropolitèn nan. Malgre toujou genyen manifestasyon kraze brize,boule kawotchou ki rete yon problem pou Meri a kapab kenbe zòn nan prop men li toujou fè tout sak posib pou touswit aprè manifestasyon sa yo pou li mete ekip li deyo pou propte lari a. Pou fèt nwèl la ane sa Majistra te transfòme vil Delmas kom yon vil de limyè. Delmas te vin tounen yon lye touristik tèlman li te bèl et byen dekore ak limyè. Majistra promèt pou tan lap fè nan tèt keri a pou Delmas pa janm rete sal,pou Delmas pa janm retounen jan li te ye avan li te moute sou pouvwa. Nap bat bravo yon lòt fwa ankò pou Majistra Wilson Jeudi ak tout rès katèl la et osi nap di konpliman tou moun Delmas paske yo te fè yon bon chwa.