Sekirite Rèd Lakay.

Aprè tout zak de briganday ki tap boulvèse peyi a pandan dènye mwa yo ebyen lapolis finalman rive mete yon ti kontrol pandan peryon Nwè ak fin ane a. Nap siyalew ke malgre ke problem insekirite a poko menm nan rout pou li ta fimi men kanmèm nap di ke tansyon an fè yon gro bese nan moman sa la. Aktivite kiltirèl yo ap pase trè byen. Nan tout kwen peyi a se program peye oubyen gratis nan plas piblik yo ke ministè kilti a òganize. Daprè anpil moun lapolis fè santi prezans li anpil sou rout yo. Sa ki koz ke anpil moun jwenn yon ti fòs pou yo soti ale regle zafè yo. Et akoz de efò polis la ap fè a sa pèmet Djaz yo ki nan djaspora te rive deside pou yo desann nan peyi a pou al pote anbyans bay pèp la pou peryod Nwèl la ak fin ane a. Nou ta swete li rete konsa. Bravo PNH