Gouvenman Etazini an femen!

Jan parol la di a,problem pap janm fini! Depi kelke jou Prezidan peyi Etazini a Donald Trump dako pou gouvenman femen a demi paske li ak lide demokrat yo pat rive jwen yon ako sou dosye miraj ke li vle konstwi pou bare fontye ant Etazini et Mexico a.Prezidan Trump li menm kap eseye pou kenbe pwomes ke li te fe nan kanpay li a deside ke premye tem prezidans li a pap pase san ke li pa jwenn lajan pou li konstwi miraj sa ke li te promet la ke dapre li menm ki ka ede otorite imigrasyon yo jwenn yon fin ak dosye imigran yo kap plede antre nan peyi Etazini ilegal. Lidè demokrat yo menm bo kote pa yo pa dako pou aprouve demand prezidan Trump la paske yo trouve ke li pa nesesè et lap koute trop kob. Nap raplew tou ke nan kanpay Prezidan Trump la li te di konsa ke miraj sa li vle konstwi an se peyi Mexico ki ap gen pou peye kob sa,se pa Etazini. Gouvenman femen a demi jouska prezan,sa vle di tout moun kap travay pou leta yo pa ka touche chèk yo,et osi moun kap viv nan peyi a pap kapab regle anpil bagay ki gen pou we ak sevis leta.