La Russie vs America!

Nouvel ki cho sou plan intenasyonal la se dezako ki genyen ant 2 ansyen zanmi sa yo ki se Prezidan Russ la Vladimir Putin ak prezidan Ameriken an Donald Trump. depi kelke jou tansyon an moute byen wo ant de gran pisans sa yo. Prezidan Russ la li menm ki se yon pa pe chay,li debake lakay alye li Venezuela ak 2 gro avyon de guè ki kapab fe gro dega nan yon ti kout tan si tout fwa yo ta gen pou batay.. Dapre tout moun kap swiv sitiyasyon sa rive fè konprann ke se yon fason pou prezidan Vladimir Putin ka gen kontròl America. Anpil moun tou ki espesyalize yo sou dosye sekirite nan mond nan fe konnen ke se yon siyal klè ke prezidan Russ la voye bay America. Pa bliye ke Venezuela sitiye nan Amerik sud la pa tro lwen USA. Sa vle di ke kounye a prezidan Russ la gen mwayen pou li kontrole de pre sa peyi Etazini ap regle et osi gen plus mwayen pou yo atake Etazini fasilman. Yon bagay ki pa fe prezidan Ameriken an ak lòt lidè peyi a plezi dutou. Yo deja pran anpil dispozisyon pou yo rete vijilan pou yo ka gen kontrol sitiyasyon an.