Finalman Prezidan te vizite Pelerin 5.

Apre gro demolisyon kite fet nan katye Pelerin 5 sou vwazinaj prezidan Jovenel Moise yo nan mwa Jiye 2018 la ebyen jounen kite Dimanch 30 Desanm nan prezidan te finalman fe yon kout pye pou fe yon ti pale ak moun yo. Nan vizit sa,premye dame nan ak tout Majistra zon nan te la tou.Nap raple ou ke Prezidan Peyi a te lwe yon kay nan men akize bat fanm ki rele Leonard la nan menm katye sa apre ke li te fin rive sou pouvwa. Anpil moun konprann ke se paske moun ki responsab pou asire sekirite prezidan te trouve ke lot moun sa yo rete tro pre prezidan ki fe fe yo te rive kraze kay malere malerez yo. Yon sitiyasyon ki te prodwi gro pale anpil et kite tris tou. Premye Dam nan te gentan rann yon vizit pou pale ak vwazinaj li yo pou kalme yo et prmet yo ke yap jwenn lajan pou dedomaje yo. Apre tout bagay sa yo et apre ke met kay la Yves Leonard te fin manke touye madanm li Majistra Tabarre Nice Simon ak baton,Prezidan peyi a te oblije kite kay sa paske anpil kritik tap chache asosye li ak Yves Leonard.