Pa gen gaz nan ponp yo an Ayiti!

Daprè tout infòmasyon ki rive jwenn nou depi Ayiti ebyen depi pou fin ane a te komanse gen ti ratman gaz nan peyi a men pou rive yè Lendi a preske tout ponp gaz nan kapital la te komanse vid. Depi yè anpil chofè paka jwenn gaz pou yo achte pou yo ka travay nan lari a. Pandan pri gaz la bese nan tout peyi,Ayiti li menm pa gen yon gout.Yon sitiyasyon ki komanse vle debouche sou ti bagay Moise Jean Charles renmen anpil la paske chofè paka travay et moun paka jwenn machin pou yo ale chache lavi yo.