Nu-look vs Zenglen deblozay nan NY.

Samdi swa nan lakou New York ,Showbiz prezidan Robinson te paye Nu-look ak Zenglen pou vin jwe pou li nan okazyon fèt li pat pase byen jan ke li te swete a. Tou 2 djaz yo te New York men yo youn pat vle jwe avan lot. Yon gro problem kigenyen depi lontan nan HMI la ke malerezman promotè kap peye djaz yo poko ka chita pou rezoud. Maestro Nu-look la kise Arly Lariviere di konsa ke Robinson kitap òganize fèt la pat janm mande pou li te jwe avan. Pat gen okenn dokiman kite siyen nan sans sa. Et pou Maestro Zenglen an ki se Jean Brutus Derissaint di tou ke Rohinson pat janm te mandel pou jwe avan tou. Men kom se konsa tandèm yo fet antre 2 djaz. Yo te jwe 2 fwa deja ak Nu-look pou ane 2018 la et se yo kite jwe avan donc fwa sa Nu-look te tou konnen ke se yo ki pou jwe avan. Problèm saegziste lontan nan biznis la. Nan tout demagoji sa yo se fanatik yo ki peye po kase a paske yo peye kob yo men yo pa soti satisfè. Daprè tout sous nou yo kite sou plas,Nu-look te komanse bal la trè ta et yo pat janm kanpe pou Zenglen te ka gen chans pou jwe tou. Yon ak anpil moun kalifye kom boykotaj. Kote Rokinson te ye pandan tout tan sa yo? Kisa li te fè? Poukisa li pat mande pou Nu-look te bay Zenglen jwe tou?