Roberto di madan Shabba se…

depi kelke jou sou tout rezo yo se Madanm Shabba Djakout #1 ki fè aktyalite yo. Anpil moun ki renmen pouse dife tap swete ke T-vice pran roulib sou sa espesyalman aprè mesye Djakout yo te fin fè kanaval sou Madanm Roberto ki daprè anpil moun ki mennen ak divòs yo. Ebyen tout swit aprè nou te fin fè yon podcast sou youtube channel nou an(radiotambouAtl live) pou mande T-vice pa swiv sa kap fèt la, Roberto te voye yon mesaj vokal pou fè konnen” Madanm Shabibi se zanmi li et ke li pa kontan ak sa kap fèt la. Li pap fè kanaval sou jan de bagay sa yo ankò.Byen ke Li sonje kijan nèg yo te kraze fwaye li ak yon kanaval ki pou jous jounen jodi a ap fè ti piti li a kriye.Roberto te kontinye poul di konsa Karma pa bay manti. Sa ou fè se li ou wè. Saw plante se li wap rekolte.