Shabba di non ,se pa madanm li!

Nan yon not ke Hervé Antenor AKA Shabba Djakout #1 fè konnen tout sa ka di,tout foto kap sikile sou rezo yo pa gen anyen pou wè ak madanm li Claudia. Nap invite ou pou li not la jan li te ekri li ya: SHABBA”

Mwen menm Hervé Anténor aka Shabba mizisyen , konpozitè Djakout #1 mwen vle enfome opinion an ke swadizan imaj ak video kap sikile pa gen anyen pou we ak mwen e madanm mwen. Se yon kanpay pou destabilize.m , detwi.m e denigre.m.

Move Aksyon sa yo afekte integrite.m ak Fanmi mwen e nou mande group moun kap fe sa e kap fe sikile move enfomasyon sa yo pou yo pa kontinye.

Mwen vle profite okazyon sa pou remesye tout moun ak fanatik mwen yo ki rele ou ekri pou sipote.m.

Mesi anpil

Hervé Antenor
Shabba