Yon nouvo manm pou opozisyon an

Senatè Gonaïves la Youri Latortue se nouvo manm opozisyon an nan peyi a. Ansyen konseye chèf pati PHTK Prezidan Michel Martelly,Youri Latortue ki gen kèk tan depi lap kwense gouvènman an plas la finalman deklare publikman ke li kanpe anfas yo pou li kapab ede opozisyon an jete prezidan Jovenel sou pouvwa. Senatè a deklare ke li pa nan domi kole ak gouvènman sa, li vle pou yo trennen manm gouvènman devan lajistis pou kob petrokaribe a. Nap raplew ke Youri Latortue gen prop pati politik li ki rele AAA paske li vle nan eleksyon 2022 pou pòs prezidan. Yon pati aktyèlman ki an kriz tou paske daprè plizyè gro manm nan pati a ki deja sou rout kite de,lare ke prezidan pati a Youri Latortue se yon gro TRÈT.