Priye pou Wid Ak Kaliko Zenglen!

Daprè sous nou kite te ale nan vil Okay yèswa pou swiv aktivite Kanaval la fè nou konnen ke Widelaire Octavius AKA Wid chantè djaz Zenglen an fè yon gro Aksidan yèswa pandan ke li tap kite vil Okay. Daprè sous radio a ebyen ta sanble ke Wid ki tap kondi yon machin lokasyon tal tonbe sou yon group nèg kitap voye roch sou tout machin ke yo sispèk kite soti nan kanaval. Wid te desann machin nan pou yo te ka wè ke se li menm men kom li te fè nwa anpil nèg yo pat ka wè yo te voye ròch pi rèd toujou sou machin nan. Ebyen Wid kouri moute machin nan ankò pandan ke lap rale bak machin nan tonbe nan yon falèz et li chavire fè plizyè roulo ak atis la. Moun yo fè pase 2 Zè de tan avan yo te rive sove misye. Nan koman sa chantè a pa byen menm nan yon lopital. Yo te tande misye kap”di kolòn vètebral mwen,kolon vètebral mwen. Nan mwens de yon semèn Zenglen pran 2 gro kou nan zafè aksidan machin. Kaliko ki nan staff manager djaz la ki responsab surtout zafè orè djaz la fèk sot fè yon grav aksidan tou . La fanmi Zenglen priye pou Atis la ak tou Kaliko . Nap swete ke tou 2 mesye yo reprann li byen vit.