Premye minis J.H. Ceant tonbe!

Ayiti Lundi 18 Mars 2019. Jodi aprè tout tolalito,jwèt marèl,se mwen ki an premye kitap fèt ant 2 chanm yo nan peyi a finalman rive sou yon rezilta. Daprè tout analiz ki fèt sou sitiyasyon sa kote chanm Sena ak chanm Depute a rive intèpele premye minis la menm jou fè konnen sete yon gro jwèt politik patizan kita jwe a. Chanm sena ki se patizan premye minis la et chanm depute a ki se patizan Prezidan. Li klè pou tout moun ke Prezidan pa chita sou menm tab ak premye minis la. Et anpil bri te kouri ke premye minis la te youn nan moun kite finansye zafè peyi lock la pou Prezidan te k tonbe pou li te ka vin ranplase li daprè lwa konstitisyon an. Ebyen pliske prezidan Jovenel aprè tout bagay sa yo pat ka revoke premye minis la te oblije rete dousman. Ebyen chanm depite a ki tap tnn pou premye minis la fin gen 6 mwa nan tèt gouvènman pou yo intèpele li kouri fè sa byen vit. Lè chanm sena tande sa yo kouri vit intèpele Premye minis la tou menm jou a pou yo ka gentan ba li yon vòt de konfyans kita pral garanti li yon lot 6 mwa ankò et anpeche chanm Depute a pou revoke li. Ebyen jodi a jwet la mal pase pou Premye minis Céant paske li kouri ale nan chanm Sena pou li te ka jwenn vòt de konfyans la men malerezman pat gen koròm pou sa te rive fèt.Pifò Senatè yo pat reponn prezan et pandan se tan tout Depute yo te la sou plas ap tann li rive. Pliske pat gen korom nan chanm Sena et premye minis la pa janm ale nan chanm Depute a ebyen yo vote dèyè do li. Vòt la ale kont Premye minis la ki donk Henry Céant revoke. Prezidan Jovenel pral nome yon lot premye minis.