Pèp Raboto kouri dèyè Senatè Youri Latortue.

Daprè sa ke nou aprann,depi kelke tan popilasyon nan Raboto ap mennen demach pou yo te ka jwenn yon Transfòmatè ki pou ta pèmèt yo jwenn yon ti gout kouran pou yo ta ka wè ki koulè mizè yap benyen ladann lan pi byen. Yo kontakte Senatè Youri Latortue ki toujou pran tet yo a pou vote pou li chak eleksyon yo li pa ede yo. Yo mande senatè a a plizyè repriz li pa janm agreye demand polilasyon kotel te leve a pou jwenn transfòmatè a. Moun yo menm fè demach bò kote EDH,anyen pa mache. Nan mache mande charite yo rive sou Depite Ennry a Cholzè Chancy kite nan pati politik Youri a “AAA. Ebyen nou aprann ke sa pat pran lontan pou Depite Cholzè Chancy te reponn e bay moun yo yon gro Transfòmatè kap mache trè byen. Ebyen kòm Youri ak Cholzè pa byen ankò,Senatè a trouve ke se derespektan paske Depite a bay moun yo transfòmatè a. Kom grò kòlèt,li pran lapolis et li rele prezidan Chanm Sena pou yo te ale retire transfòmatè Depite a epi pou yo mete pa yo pito. Saw tande a,pèp Raboto leve kanpe io di Youri non fa pap fèt. Yo komanse rele chabarik dèyè senatè yo pandan yap kriye viv Depite Cholzè Chancy. Men nan ki jwèt ti moun,men nan ki madigra peyi nou an tonbe.