Yon nouvo premye minis an Ayiti!

Swit ak vòt de non konfyans ke chanm Depite a te bay ansyen premye minis Jean Henry Ceant ebye prezidan peyi a te kouri vit chwazi sitwayen Jean Michel Lapin kom nouvo premye minis par enterim pou pèmet gouvènman pa kanpe nan rout. Nap raple tout moun ke Mr Lapin te deja okipe pòs minis anba gouvènman Henry Céant. Ebyen prezidan Jovenel deside ke li ka fè Mr Lapin konfyans,li chwazi Mr Lapin pou vini premye minis peyi a sou 2 lòt moun kite nan lis final la. Kesyon anpil moun ap poze se” eske li nòmal aprè Depite yo te fin revoke PM Ceant ki otomatikman revoke tout lot minis yo enklu Lapin kapab rive retounen kom Premye minis? Eske chanm Depute a pral kont desizyon yo te pran? Ebyen men kisa anpil moun pa rive konprann. Mr Lapin te jus yon minis kitap travay pou PM Ceant. Se pat li menm kite chèf gouvènman. Se pat li menm kite gen denye mot nan desizyon yo. Et se pou rezon sa tou ki fè lè depite yo te entepele PM nan se pat Mr Lapin kite parèt. Donk Mr Lapin te jus yon viktim nan foul la men se pa li kitap mennen foul la. Yo paka juje Lapin pou desizyon Pm Céant yo. Prezidan Jovenel fè premye pa ,kounye a se 2 chanm yo ki rete pou beni chwa sa.