Shabba mande padon!

Swit ak batay vebal Shabba ak Pouchon kite pase nan Esquina Latina Vandredi swa nan bal Mass kompa e Djakout #1 nan kite koz Shabba desann stej la kite djaz la,nou resevwa not sa de Shabba pou mande padon pou konpotman li. Shabba”

Potoprens , 13 Avril 2019

Bonswa Tout Moun ,

Mwen menm Hervé Antenor aka Shabba mizisyen , konpozitè , ko-propriyetè Djakout #1 mwen vle prezante Ekskiz mwen bay tout fanatik Djakout #1 , Piblik ki te fè deplasman nan Esquina , tout moun ki tap swiv sou rezo sosyo yo , Fanatik Konpa pou konpòtman mwen te gen ye swa.

Mwen ta renmen ke nou konpran’n ke tout sa rive paske mwen pat ka kenbe ankò e mwen regrèt anpil jan mwen te aji.a.

Mwen vle anonse Piblik la , Fanatik konpa , Fanatik Djakout # 1 ke mwen deside kanpe pandan yon ti tan poum pa Pèfòme ak Djakout #1 jis pou mwen ka chache bon jan solisyon tèt frèt nan Respè ak rès ekip la e rezoud problèm yo.

Ankò yon lòt fwa Ekskize.m

Herve Antenor ( Shabba )