Yon Milyon Goud pi rich!

Yon lòt fwa ankò pou fin ane 2018 la Senatè Ayisyen ki pap regle anyen nan palman ajoute yon lòt milyon goud an plus sou tout milyon yo te deja genyen yo. Chak ane se konsa pandan ke ti pèp la limenm ap kriye pou lajan petro karibe. Anplus de sòm sa ki fèk tonbe anba men zotobre yo,nan kelke mwa ankò pou fèt Vandredi Saint mesye palmantè yo pral gen yon lòt gro sòm lajan ankò nan men yo pou yo gagote. Daprè sa ke nou aprann,lajan sa pou fin ane a se yon lajan palmantè yo ta sipoze distribiye nan depatman kote yo reprezante a pou ede mete sou pye plizyè aktivite pou pèp la ka benefisye. De mèm pou lajan ki pral tonbe pou fèt sent la se ta pou ede bann rara yo ak bezwen yo pou yo ka pran lari. Eske bagay sa yo janm rive fèt vre? Antouka mou pa konnen.