Imigrasyon USA bloke Fantom

SAK CHO!
Imigrasyon nan Airport Fort Lauderdale FL bloke Fantom Onorab pandan li tap soti Ayiti pou li vin jwenn madanm li ak pitit li ki deja ap viv isit nan peyi Etazini.
Yo pa kite Atis la antre nan peyi a,yo retounen li Ayiti nan peyi li.
Nap raple tout moun ke se sou viza Atis la tap vwayaje donc se pa yon depòtasyon.
Anpil fwa sa rive Atis yo si tout fwa leta isit rem as ke ke yo ap pèfome( travay) sou yon viza touris ki pa viza travay. Daprè lwa imigrasyon nan peyi Etazini okenn moun pa gendwa ap travay nan peyi a lè ou gen yon viza touris nan men ou. Et konsa tou si ou pase tròp tan nan peyi a k yon viza sa ka koz yo pa kitew antre ankò tou.


Nap swiv!