Nou pa nan djalog!

Sektè demokratik popilè a ki gen nan tèt li avoka Andre Michel ak Senatè Beauplan te reyini jodi 28 Desanm nan pou yo te fè tout koun konnen ke yo pap chita pale ak gouvènman Moise Céant paske yo pap chanje pozisyon yo. Nap raplew ke aprè tout presyon ke peyi a tap subi,Prezidan Jovenel Moise te mande pou fè yon chita pale ak tout sektè nan peyi a. Nou vle djalog pou nou ka soti peyi a nan kriz li ye a deklare Prezidan Jovenel Moise. Sèktè demokratik la ki nan yon prekye tan te ri ke yo dakò pou yo chita pale ak ansyen zanmi yo premye minis Henry Céant chanje diskou yo a jodi a pou yo di non yo pa chita negosye ak gouvènman sa.