Prezidan Jovenel te prezan.

Kontreman ak 18 Novanm ki sot pase la kote prezidan peyi a S.E.M Jovenel Moiose pat rive ale Okap pou komemore batay Vetye a ebyen ye Lundi 1er Janvier a,prezidan ak tout gro tet gouvenman te rann yo nan lakou Gonaives pou selebre 2015 an indepandans peyi a. Pou anpil politisyen nan peyi a si prezidan pat rive ale Gonaives tou ebyen li ta met tou ranmase zafe li pou kite pale a paske se yon gro defet sa tap ye pou li. Bo kote prezidan pa gen anyen ki te ka anpeche li ale Gonaives ye pou fet endepandans peyi lap dirije a. Yon seremoni ki te deroule byen dous tankou mango pensik andedan Katedral Gonaives la kote Evek la te profite pou mande pou tout pitit peyi a mete tet ansanm.