Tròp kreten nan Gouvènman!

Pou malè ki pandye sou tèt peyi a la,poukisa pri gaz la poko desann toujou! Tout moun konnen ke pri barik gaz la fè yon bèl desann sou mache intènasyonal la epi nou poko janm ka retire menm yon adoken sou pri pa nou an. E daprè kontitisyon an depi pri gaz la desann sou mache intènasyonal la,li dwe desann tou sou mache lokal la. Nou deja gen yon afè budjè la ki poko byen chita nan zòrèy pèp la. Yon pèp ki deja prè pou eksploze tankou yon bonm. Yon opozisyon ki kanpe an kwa pou pa ba nou pase epi pou nou ap ba yo tout tou vid sa yo. Menm jan nou te kouri moutel la lè pri a te wo a ebyen se menm jan tou pou nou desann li tou pdske pri andesann tout kote. Mesye nou trò kreten! Oubyen se espre nou fè paske pri wo ou pri ba gaz kole pou nou! Prezidan Jovenel ou pa gen konseye. Desann pri gaz la pou bay peyi a yon souf et pou ou ka pran yon souf tou.