Gracia Delva fe peyi a wont.

Apre tout bri ki tap kouri sou relasyon Senate a ak Teroris la Anel Joseph,anpil jounal nan peyi a poze Gracia Delva kesyon eske li konn pale ak Anel,Gracia Delva toujou reponn non. Jounalis yo mande Senate a eske li rekonet Anel Joseph? Gracia Delva reponn non. Jounalis yo mande li ki denye fwa li pale ak chef gang nan? Gracia Delva reponn”mwen pa jann pale ak moun konsa. Ebyen ye li te oblije finalman bay verite sou rime sa yo. Senate a konfime ke li konn pale plizye fwa ak chef gang nan. A ki tit relasyon sa ye? Koman ou fe antan ke yon Senate pou nan telefon tout tan konsa ak yon teroris kap kraze peyi a? Pou ki rezon ou nan telefon tout tan ak yon chef gang,teroris ke lapolis ap chache? Nap raple tout moun ke antan ke otorite nan peyi a Senate a gendwa poul pale li e libê ak tout pitit peyi a men san kachotri. E si tout fwa se yon anket oubyen yon negosiyasyon li tap fe pou ede peyi a a jwenn yon souf ak bandi sa nou dako pou sa ta rete kache men kanmem fok ta gen lot koleg nan enstitisyon an ki okouran de sa kap fet la. Men si se pa sa ebyen monche Senate Gracia Delva ou se yon bon ti blada vre. Si ou paka paret ak prev pou fe tout moun we ke rezon ki fe ou konn ap pale ak Anel Joseph la se jus ou tap negosye avek li pou li ka remet zam yo,pou li ka bay pitit peji a yon chans ebyen ou dwe peye tre che pou zak de non konfyans ke ou fe nasyon an. Ou dwe reponn kesyon tout polisye,Manman,Papa,Pitit,Fre et se tout moun Anel Joseph touye et koz lanmo yo a. Gracia Delva ou se yon wont nasyonal.Ti blada no Aya pou ou anko!