Yon manti pou la verite.

Senate Jean Renel Senatus ki se prezidan komisyon pou jistis andedan chanm sena ta sanble benyen repiblik la ak yon gro bout manti Lundi apre midi le li te deklare devan lapres ke se Konatel ki bay komisyon an lis nom tout moun ki konn pale ak teroris Anel Joseph yo. Li te di konsa nan lis sa ke konatel bayo a gen nom Senate Gracia Delva ki paret ladann ki koutre ke soti mwa Fevriye pou tonbe nan mwa Mars, Gracia Delva pale ak teroris Anel 24 fwa. Ebyen Ye apre midi,Konatel ki se responsab kominikasyon nan peyi a deklare ke yo pat bay komisyon jistis chanm sena okenn lis konsa. Sa vle di ke senate Senatus alyas Zokiki bay manti. Men dapre sa ki swiv manti sa nap di ke se yon manti verite paske li pemet nou rive rale Tiblada,vakabon abiye Gracia Delva nan tou li te kache a. Pwiske swit ak anpil parol ke yo tap di sou Gracia Delva pou relasyon li ak Anel,anpil jounalis poze li kesyon li toujou di non li pa janm pale ak Anel. Gracia delva te konn toujou di konsa ke li pa rekonet teroris la. Gracia Delva te konn toujou ke li pa janm pale menm yon fwa ak Anel.Ebyen gras ak manti Senate Lwes la nou resi konn verite a paske ye devan komisyon jistis la nan chanm Sena Gracia Delva resi dako ke li gen yon relasyon sere ak Anel. Si se pat pa fason sa ke prezidan komisyon jistis la Senate Senatus te pase pou ki te fe ke Gracia Delva sote pou li te rive finalman bay verite a ebyen li tap toujou kontinye benyen nou ak manti poul di ke li pa konn pale ak Anel pandan ke yo nan telefon preske chak jou. Mesi pou manti verite sa Senate Zokiki.