Normil Rameau Nouvo DG PNH

Apre 3 lane nan tet Polis Nasyonal la Prezidan Jovenel Moise di Jean Michel Gedeon bay boudal 2 tap, li revoke nan tet polis la. Dapre anpil moun kap swiv dosye politik la nan peyi a,yo tout tire konkluzyon ke ansyen DG PNH Jean Michel Gedeon pat janm an bon ako ak prezidan peyi a. Dapre tout patizan PHTK yo ansyen DG a se yon Lavalas rouj et ke li patap janm fe efo pou peyi a byen mache sou pwen sekirite. Ebyen kom palman te ba li yon manda pou 3 lane prezidan Jovenel pat pedi okenn tan le jou kite fe 3 an rive pou li te rapid vit choute bouda ansyen DG a epi pou li nome veteran Normil Rameau nan tet Polis la. Nouvo DG a Normil Rameau te antre nan enstitisyon polis la depi 1995 apre li te fin etudye a letranje e retounen pou vin sevi peyi li. Dapre anpil Jounslis et politisyen,nouvo DG a gen kapasite,eksperyans et li gen karakte tou pou li mennen Polis la byen kom Direkte Jeneral enstitisyon an.