PM Fritz Williams Michel 1 a 0

Sete ye Madi 3 Septanm nan randevou te kase pou chanm Depute Ayisyen an te rankontre ak PM nome a Fritz Williams Michel ansanm ak tout kabine li a pou yo te ka tande politik jeneral li et tou antre nan deba epi vote. Byen ke te gen 2 Depute opozisyon kite te antre byen bone nan sal seyans la kraze tout sa yo te jwenn,prezidan chanm nan Garry Bodeau ak lot Depute ki nan majorite yo te di konsa fok seyans la fet kanmem. Wi seyans la te fet e tou te gen korom. Apre ke PM nome a te fin prezante politik jeneral li e reponn kesyon Depute yo se ta pral tan pou vote. Ebyen san grate tet e san dlo nan je depute yo te vote lajman pou jen gason 38 lane sa te vin nouvo chef gouvenman nan peyi a. Fok mwen tou raple tou ke peyi a deja gen pase 6 mwa san gouvenman. Kounye a apre ke chanm Depute a fin Beni Premye Minis la se pral tou pa chanm Sena pou vote wi ou non apre yo fin tande politik jeneral PM nan.