Dr Reginald Boulos

Dr Reginald Boulos ki se lidè sektè prive a ki groupe tèt yo anba nouvo pati politik sa ki batize 3eme Vwa kouri kite peyi a ak tout fanmi li depi yè byen bonè. Dr Boulos ki deja deklare tèt li kom prochen kandida pou pòs prezidan nan peyi a ta sanble deja bouke ak sant kawochou boule yo kap degaje gro vye lafimen tou nwè nan kapital la. Malgre Dr Boulos te toujou nan bèl konfò modèn li ak tout fanmi li men sa pa anpeche ke li santil bouke deja ak zafè dife,bloke rout,kout zam chak jou sa. Yon lot fwa anko youn nan lidè ki toujou moutrel kanpe bò pèp la kouri kite pèp la sou chan batay la. Ti pèp a ki bade pi rèd ak AA.