A swiv!

A swiv se tit denye mizik ke atis BIC AKa Tizon dife mete deyo depi anviron 3 jou kap fè ampil pale nan lari a. Aprè ke Blazeone ti fin beni peyi a ak mizik li a ki rele Lèt Konsyans kote ke li pase men pran tout moun nét ki te pase kom dirijan nan peyi a san ke yo pa regle anyen pou jous li te rive sou prezidan aktyèl la. Yon mizik kite fè anpil moun retire chapo pou salye kouraj Blazeone. Ebyen menm jan pou Blazeone ak mizik Let Konsyans la BIC ap resevwa menm kalite de respè sa yo tou ak mizik A Swiv la. Yon mizik ki tonbe a tan ,kote ke pèp la vrèman bouke ak jan peyi a ap dirije a. Kote ke pep la santi ke yo paka kontinye viv nan jan de vi sa. Ebyen BIC li menm ki se yon atis ki toujou exprime sa li santi san anestezi te yon lot fwa ankò sevi ak plim li pou li plenyen mizè pep la ak tout fristrasyon a li pou sa ka pase nan peyi a. A swiv se tit mizik la ki deja nan bouch anpil moun nan tout 4 kwen peyi a kou a letranje. Bravo BIC