Drasso oblije kite Disip.

Aprè tout sak pale,aprè tout kritik yap pote sou kapasite Drasso antan Maestro Disip Gazzman te toujou rete kanpe dèye Drasso pou dipòtel. Menm gen mizisyen kite rive kite djaz la akoz de Drasso,Gazzman te toujou kanpe kote Maestro a. Ebyen malgre tout sakrifis sa yo Drasdo tap pale Gazzman mal dèyè dol ak zanmi li. Nan yon voice note ki pran lari ebyen ou ka tande klè kote maestro Drasso tap kritike Gazzman et menm rive di li ” li tap antre nan manman Gazzman. Men note ke Drasso mete deyò a pou di ke li kite Disip.