Animatè Lucko Desire Arete.

Ansyen kandida pou pòs prezidasyèl Lucko Desire ki se aktyèl Animatè de yon emisyon ki gen anpil ekout ki rele Matin Debat te jwenn arestasyon li yè matin pandan ke li tap anime emisyon. Komisè gouvènman ki te voye lapolis pou al arete Animatè a fè konnen rezon pou arestasyon sa se paske animatè a tap simaye fo nouvèl ki tap pouse moun yo pou kanpe kont efò gouvènman ap fè pou konbat pandemi kap ravaje mond la ki se Covid-19.