Legliz fèmen, Hougan ap fete

An Ayiti pandan ke gouvènman mande pou lekòl fèmen,pou legliz fémen. Pandan ke manm nan gouvènman mache al fémen legliz pou yo pa fè sèvis jou dimanch ebyen Hougan mete Rara yo deyò chak samdi swa. Pandan legliz paka ouvè pòt li gen gro seremoni vodou ki kontinye ap fèt nan peyi a san leta pa di anyen. Eske leta an Ayiti tou profite de sitiyasyon sa pou pèsekite legliz? Eske Gouvènman Ayiti a tou profite de epidemi sa pou tou bay hougan yo ak vodouyizan yo pye sou pastè legliz ak fidèl yo? Malgre sa map gade e tande kap pase yo pa fèm plezi men map kontinye mande Pastè yo kite pòt legliz yo fèmen pou proteje fidèl yo. Map mande ak fidèl tout legliz yo pou kontinye priye lakay nou paske se sèl lapriyè ki ka retire mond lan nan sitiyasyon sa