Moun Ayiti di pa gen korona.

Yè nan kapital peyi a anpil moun te pran lari pou kanpe kont kanpay sanblilizasyon kont korona gouvènman pran nan peyi a. Daprè moun sa yo ki tap kraze ak boule bokit dlo gouvènman mete nan lari pou moun lave men yo di konsa pa gen korona vre an Ayiti. Moun yo ale pi lwen pou fè konnen ke se lajan gouvènman ap fè sou do yo ak parol Korona sa. Moun yo di yo pap rete lakay yo paske korona virus la pa egziste pou yo.