Moun ki fimen vs Covid-19

Daprè denye etid me espè yo fè sou korana virus la revele ke moun ki fimen yo gen mwen chans pou konbat virus la lè li antre sou yo konpare ak moun ki pa fimen yo. Daprè syantis yo Sigarèt se yon bagay ki afekte poumon yon moun kap plede rale lafimen an mete andedan ou. Et youn nan pati Covid-19 la afekte ki pi danje lè li antre sou yon moun se poumon an. Donk si poumon ou te deja afekte a koz de fimen sigarèt epi ou vin gen korona virus la ki antre sou ou epi li rive nan poumon ou kite deja an feblès a koz de sigarèt ebyen lap fè anpil dega byen rapid ki ka malerzman koz ou pèdi lavi ou pi vit. Konsèy nou pou tout moun ki fimen sigarèt se kite sa rapid vit. Si ou tap panse pouw kite fomen oubyen si ou pat ko janm panse kite fimen ebyen moman sa se pi bon moman pouw kite fimen jofi a. KITE FIMEN!