Kanaval Ayiti 2021

Depi anviron kelke mwa Prezidan peyi a SEM Jovenel Moise te anonse kanaval ane a fixe pou 14,14 et 16 Fevriye 2021 nan vil Pòdepè. Yon anons ki te sipriz anpil moun a koz de epidemi sa Korona virus kap fè ravaj nan mond lan. Byen ke gras a Dye jouska prezan virus la pa fè gro dega an Ayiti men tout gro medsen, tout espè nan la syans medikal fè konnen pi gro mwayen pou konbat virus la se pran prekosyon ijyèn epi rete ak distans pandan ke ou kete kach nen. Nou tout konnen ke nan kanaval popilè mezi sa yo pap ka respekte. Nòmalman depi mwa desanm rive anpil jèn djaz ki bezwen jwenn chans pou kanaval yo jwe nan radio gentan kouri antre nan estidio pou yo anrejistre mereng yo paske si yo tann pita tankou rive nan mitan mwa Janvye yo ka pa jwenn pas nan estidio ak nan tan nan radio paske gro tenò yo pral okipe estio ak radio yo. Pou ane 2021 sa se diferan paske jodi a se 17 Janvye jouska prezan se kèk grenn kanaval ki deja soti nan radio. Pami nan kelke grenn ki soti yo genyen ke yo idantifye kòm djaz sipòtè pouvwa ki soti jus pou sipote pouvwa et osi lòt grenn yo soti pou denonse pouvwa. Antouka jouska prezan nou poko tanke kote okenn nan gro djaz yo anonse dat ke yap lague mereng kanaval pa yo a. Ane a manje a pa gra pou estudio yo nan Pòtoprens ki pa konn gen kote pou mete moun nan epòk sa. Kòm nou konnen Atis/djaz yo te plenyen anpil pou sa kite pase ane pase yo paske yo pat gen 3 jou gra kite pou pèmèt ke yo antre lajan yo te depanse nan estidio ak fè video kanaval yo donk nap mande eske se pou rezon sa ki fè yo poko vle pale de kanaval ane sa? Eske djaz yo ap jus itilize menm mereng ane pase yo pou fè pakou kanaval la ane 2021 an? Nou poko konnen. Men pou kounye a Gouvènman ap travay anpil nan fè rout nan vil Pòdepè pou 3 jou gra kanaval la. Pi gro fèt popilè peyi a ki vin pa trò popilè ankò depi 3 denye ane sa yo. Pou nou fini Nap prezante ou postè youn nan kelke grenn djaz ki fè kanaval 2021 an, Zikòs ki rele Elikoptè