Money G poko lage

Depi tanto 3 semèn bandi ak zam leve atis la devan lakay li daprè mizisyen zanmi kòlèg li Zazou. Jouska prezan yo poko vle libere atis la paske yo mande yon gro sòm lajan ke fanmi ak zanmi atis la pat ko ka jwenn. Sa ki vin pi grav nan dosye a ta sanble fanmi atis la te pase kèlke jou san yo pat ka pran okenn nouvèl sou li paske ravisè yo te fache paske yo poko ka jwenn lajan yo mande a. Nap raple ou ke Money G se li menm ak Katalòg epi Ti lunèt ki te fonde djaz ji rele Gabèl la.Si sete talan sèlman kitap fè yon Atis Ayisyen rive ebyen MONEY G tap pami premye atis ki rive nan jenerasyon sa.
LIBERE ATIS LA TANPRI!!!!!!!!
NOU KANPE AVÈW MONEY G