RIP Maestro Douby

Le grand MAESTRO ISNARD DOUBY!
3 Jou aprè fèt nesans li kite 6 Septanm, nou pèdi maestro a aprè li te kouche malad depi anviron 2 mwa. Maestro a te atrape virus cocid-19 la ki te mennen li sou kabann lopital men malgre dilijans Doktè yo a koz de lòt konplikasyon sante maestro a te deja genyen li te rive mouri kanmèm.
HMI la vrèman ap pran kou pou ane 2021 an.
Soti nan Les Freres Déjean pou li fòme djaz System Band Isnard Douby ap rete kòm youn nan pi gro Mizisyen, Maestro Ayisyen.
Li te konn soufle tronpèt pandan lap chante nan Les Freres Déjean.
Nap voye kondoleyans nou bay tout fanmi lejand la et ak tout ekip System band nan.
Ale an pè Maestro.