HKP 10 YEAR

10 zan pa 10 jou, 10 fwa pa yon chans. Ane sa fè deja 10 zan depi HKP ap òganize youn nan pi gro fèt nan Atlanta. Thanksgiving Bash se konsa HKP te batize sware sa lè yo te fèk kòmanse li paske ide a se pou bay fanatik konpa yo chans pou vin danse fete pandan gro weekend fèt sa kay Tonton Sam. Chak ane fèt la pi bèl ke lòt ak yon bèl line up ki toujou garanti bèl anbyans pou tout sware a. Ebyen ane sa line up la modifye paske olye de 2 pèfòmè jan sa konn toujou fèt,HPK ki toujou vle fè diferans nan biznis la ap prezante nou yon line up avèk 3 pèfòmè pou selebre 10 zan li. T-VICE,5 LAN E pou premye fwa nan Atlanta la belle, sexy, SHASSY bag girl ap la pou vin fè nou pran plezi nou. Pa rate gro fèt sa