HMI an dèy!

Mizik Ayisyèn nan an dèy yon lòt fwa ankò pou ane 2022 a. Aprè yon ti tan malad aprè ke li te fin fè yon kriz kadyak,ansyen Basis Top-vice la JOE CHARLES mouri nan vil Atlanta kote li tap viv ak fanmi li. Joe Charles,youn nan pi bon basis kite genyen nan HMI la te pase tout bèl moman mouvman digital band nan ak Top-Vice. Daprè sous nou se yon mizisyen kite gen anpil disiplin e kite renmen sa li te konn ap fè a kòm yon profesyonèl. Nan nom tout staff Radio Tambou a,map voye kondoleyans pou tout fanmi ak frè band Joe Charles yo. Ale an pè!