NEW OLÉ VENUE

Aprè plus pase 10 zan depi Olé Restaurant Lounge ap sèvi kominote Ayisyen an nan Atlanta ak bon manje e plezi chak weekend, Mauril Saint-Cyr ki se mèt Olé Restaurant te anonse ouvèti OLÉ VENUE nan yon live sou page facebook li a. Olé Venue ki pa trò lwen ak Olé Restarant se yon event center kap an mezi pou resevwa tout gro fèt ke Olé Restaurant Lounge pat ka resevwa akòz li pa gran ase. Olé Venue ki gen pou ouvè pòt li nan yon ti tan ki pa long ap disponib pou tout kalite event . Olé Restaurant ap toujou la nan menm adres la et anyen pap chanje. Nap di konpliman et bat bravo pou Saint-Cyr ak Madanm li pou sèvis yo nan kominote a.