VAYB NEW ALBUM

Finalman VAYB ap lague album nan demen 12 Mai a.
Album nan ap rele MAYDAY. Mayday kise yo mo ke nou abitye tande lè nap gade film konba avyon yo ki lè yon pilòt an difikilte et lap mande èd nan men baz li.
Daprè plizyè sous ke nou pale ki konnen de sitiyasyon an,album sa gen kelke mwa depil pare men moman yo pat ko bon pou djaz la te lague li.
Malgre map tann album sa lontan men onètman mwen panse ke VAYB te ka tann omwen yon lòt semèn ankò.
Mwen konnen ke Djaz la pa gen chwa ankò ke lague album nan akoz de gro konsè sa yo genyen nan mwa jwen an nan Zenith France.
Mwen konnen album nan ap gen bagay ladann men mwen santi ke VAN ZAFÈM nan poko pase ki ka retire sou fokis album Vayb la.
Gen 2 bagay enpòtan pou nou gade ak album Vayb ki pral soti la.
1) Vrè fanatik VAYB yo jus ap priye pou album djaz yo bon pou li pa mal pase anba roulo album Zafèm nan.
2) Fanatik lòt djaz ki pa alèz ak tout bri sa album Zafèm nan ap fè a la. Yo menm tou yap priye pou Album VAYB la bon ase pou li tenyen anpe nan dufe album Zafèm nan. Jus yon fason pou yo ka retounen fokus sou vrè djaz pa yo.
De tout fason mwen menm mpaka tann pou VAYB.